Widgets:
Testimonials
[testimonials]
[twitter username= »themefuse » items= »4″ title= »Twitter widget » post_date = »]
[flickr flickr_id= »51362473@N05″ items= »5″ title= »Flickr photostream »]
[latest_popular_posts]
[row]
[col_1_2]
Aprè defèt 1-0 Ayiti Sibi devan ekip Chili a madi swa nan Lockhart Stadium nan lakou Fort Lauderdale, FL, Haiti-Tempo te fè yon ti pale ak Pascal Millien ki te jwe pou seleksyon an pandan dezyèm mitan match sa a. Nan entèvyou sila a, Pascal te pataje opinyon l sou rankont lan, sou seleksyon an e li te pwofite pale de nouvo klèb li a tou ki se Fidelis Andria nan peyi Itali.
HT: Pascal, Ki premye enpresyon w sou rankont Ayiti-Chili a? Ki sa seleksyon an tire de match sa a?

Pascal Milien
PM: Bon pou mwen se te yon gran tès pou nou paske sa fè lontan nou pa jwe epi nou t’ap jwe ak Chili ki se yon gwo ekip, yo te fè yon bèl pakou nan mondyal la. Yo byen plase nan klasman FIFA e yo jwe 12 match an 8 mwa. Se te yon gran match pou nou pa rapò ak fè sa yo.
HT: Se evidan ke ekip la te jwe pi byen nan dezyèm mitan an ke premye mitan an, ki sa ki te koz sa?
PM: Bon antrenè a te monte mwen epi li fèm jwe pi wo paske pwen fò yo se te defensè santral yo ki tap fe jwèt la pou yo. Epi chanjman yo te pote anpil enèji nan gwoup la.
HT: Eske w satisfè de pèfomans ou te bay la?
PM: Mwen pa Janm satisfè men mwen panse mwen ka fe plis toujou. Men anpil kredi pou staf la ak gwoup la.
HT: Pandan ou bay staf la ak group la kredi, eske w panse gen gwo amelyorasyon ki fèt nan ekip la pa rapò a ekip ki te patisipe nan Gold Cup la?
PM: Bon ou ka wè nou te manke kèk jwè pou amelyore gwoup la fas a Chili. Pou mwen nou fè pi bon antrenman pa rapò ak avan. Gwoup Gold Cup la te yon gwoup spesyal pou mwen. Men se yon seleksyon nasyonal tout moun ap travay pou yo fè diferans.
HT: Te gen kèk nouvo jwè nan gwoup sa a, ki saw panse de yo? Èske gen nan yo ki te enpresyone w nan antrenman ou nan nivo de profesyonalis yo?
PM: Bon mwen panse se te yon bon okazyon pou antrenè a pou l prepare pakou seleksyon an. Tout jwè te trè profesyonèl. Yo travay di pandan semèn antrenman an jiska jou match la.
HT: Pou fini eske w ka pale nou de nouvo klèb ou a? 
PM: Aktyèlman mwen an Itali nan yon nouvo klèb ki se Fidelis Andria. Se FC Bari ki gen je sou mwen pou m ka jwe, yo fem al rejwenn Fidelus epi lèm pare pou’m ka rejwenn yo. Mwen vrèman kontan nan moman sa a. Bondye vrèman beni mwen.
PM: Pascal, yon dènye mo pou fanatik yo?
PM: Mwen vle di yo mèsi poutèt yo toujou sipòte mwen kit nan nivo seleksyon kit nan nivo klèb. Mwen swete yo rete positif epi pi gwo rezilta ap vini. E mwen renmen yo. Spesyalman pèp ayisyen mwen an. L’union fait la force!!!
Entèvyou reyalize pa Benson Petit-Clair pou Haititempo.com
Par Gary Eliézer
Le coup d’envoi de la série de clôture du Championnat Haïtien de Football Professionnel (CHFP) se fera ce week-end sur les différents terrains du pays.
Après le déroulement de la série d’ouverture (février – Mai) qui a vu le sacre de l’America des Cayes pour la première fois de son histoire, la série retour du championnat haïtien de football professionnel reprend ses droits ce dimanche 14 septembre pour le bonheur des 11 clubs et les passionés du ballon rond du pays.
Les 5 clubs protestataires (Valencia, Racing Club Haïtien, AS Capoise, Fica, Victory) restent toujours en dehors de ce championnat malgré l’intervention du ministre des sports Himler Rebu dans ce dossier.
Le programme de la 1ere journée:
1.- Dimanche 14 Sept. 2014
Parc Vincent Racing des Gonaives vs America FC Arbitres
(Gonaives)(4h-6h) Olken Jacques
Frantz Georges
Jacques Robert Arthur
Junie Benoit
Commissaire Victor Innocent
2. – Dimanche 14 Sept. 2014
Parc Julia Vilbon Cavaly AS vs Don Bosco Arbitres(Léogane)(4h-6h) Alain Georges
Edson Fenelon Labady Jean Pierre
Armand Fritzner
Commissaire St-jean Ernst
3. – Dimanche 14 Sept. 2014
Parc Bayas AS Mirebalais vs Baltimore SC Arbitres
(Mirebalais)(5h-7h) Evens Thélusma Gubonx Noël
Philippe Louis
Smeeldly St-Jean
Commissaire Elie Johnny
4.- Dimanche 14 Sept. 2014
Parc Levelt Tempête FC vs Petit-Goave
Arbitres
(St Marc)(6h- 8h) Walner Laventure
Luca Emmanuel
Ernseau Jean Baptiste
Berline Geffrard
Commissaire Zamor Frederic
5. Dimanche 14 Sept. 2014
Stade Sylvio Cator Aigle Noir AC vs Racine de G.M Arbitres
(P-au-P) (6h-8h) Adzer Arisnat
Duckens Joseph
Marckenson Cineus
Vanette Lapaix
Commissaire Leger Jeanthy
Ekri pa Benson Petit-Clair
An 2013, Grenadye yo fè 2 gwo eksplwa sou teren foutbòl san yo pat arive bat youn nan match yo. Premyeman, Ayiti pèdi 2-1 devan Espay ki tap prepare Koup Konfederasyon, e touswit aprè, seleksyon an fè yon match nil spektakilè (2-2) kont Itali ki t’ap prepare pou menm konpetisyon an nan peyi Brezil. 2 Peyi sa yo se 2 Chanpyon mondyal nan kesyon foutbòl, e nan period sa a, Espay te nan tèt klasman mondyal la. Donk tout moun te panse ke yo tap vin imilye Ayiti, gen moun ki te menm di Ayiti pa’t merite onè sa a pou yo ap jwe ak gwo peyi sa yo. Men Ayiti te kanpe byen solid devan yo e Grenadye yo te arive metrize yo. 15 mwa apre match kont Espay la, Ayiti retounen nan lakou Florid pou jwe ak Chili nan kad yon match chofe jarèt. Match la fini 1-0 an favè chilyen yo swit ak yon gol de Juan Delgado nan 20èm minit rankont lan. Ayiti pèdi match la men èske nou pa ta dwe met match sa a nan menm nivo ke nou te met match Espay la?
Se vre, Chili pa yon ansyen chanpyon mondyal menm jan ak Espay ak Itali, men rezilta match sa a ta dwe nan menm nivo ak match Espay ak Itali yo an tèm de satisfaksyon. Li enpòtan pou’n soulinye ke Chili fèk fin fe yon pakou ekstra-odinè nan mondyal la, Brezil elimine Chili nan konpetisyon an men se apre pwolongayon ak Seyans penalite. Avan sa, Chili te bat Australi 3-1, e li arive ba’t Espay 2-0 kote yo te tou elimine Espay nan mondyal la. Kidonk, Chili pa yon chanpyon nan mondyal, men li elimine chanpyon an tit la nan konpesyon an, yon chanpyon an tit Ayiti te pedi davan l 2-1 nan Miami. Answit, 9 sou 11 jwe Chilyen ki te titilè pandan mondyal la te prezan nan match kont Ayiti a. Ayiti t’ap jwe ak bon Chili a malgre nou pa inyore absans Arturo Vidal ki reprezante yon gwo pyès anndan ekip sila a. Ayiti tou t’ap jwe san Jeff Louis, san Pierre Jean Jacques; nou ka di 2 jwe kle pou seleksyon an. Aktyèlman Seleksyon national la klase an 117èm pozisyon nan klasman mondyal la pandan ke Chilyen yo an remonte an 12èm pozisyon depi aprè bèl prestasyon yo te bay nan mondyal la.
Si yon moun te rate premye mitan match la e gade 2èm mitan an sèlman, franchman ou te ka panse se Ayiti ki an 12èm pozisyon nan echèl mondyal la, donk grenadye nou yo mande ankourajman pou match sa a malgre yo pat arive skore menm jan yo te fè sa devan Espay ak Itali. Moun ki t’ap gad match la ap dakò ke rezilta a te ka pi favorab pou Ayiti si pat gen kèk erè abitraj.
Pou fini, ni match kont Espay la, ni match kont Itali a, ni match kont Chili a te fèt nan kad match amikal men nou jwe ak yon ekip Chilyen k’ap pran yon momantòm serye nan foutbòl la mondyal la, pandan Espay ak Itali sou yon pant kote se desann yap desann, ironikman nan 3 ekip sa yo se sèl Chili ki te pase faz poul yo nan dènye mondyal la. Depi Jorge Sampaoli pran tèt ekip Chili a nan fen 2012, li fè 10 viktwa sou 15 match e 3 match nil ak sèlman 2 defèt. Grenadye nou yo ka aprann anpil bagay devan yon advèsè de fòs tankou Chili. Apre rezilta sa a, lòt ekip nan rejyon an kap prepare Kopa Amerika yo ou lòt konpetisyon ta dwe konsidere jwe ak Ayiti paske nou gen anpil foutbòl lakay nou pou nou ofri mond lan.
Ekri pa Benson Petit-Clair
Apre tiraj osò ki fèt nan lakou Miami vandredi pase, seleksyon nasyonal medam yo tonbe nan gwoup A a nan kad tounwa feminen CONCACAF 2014 la, kote Ayiti ap gen pou jwe ak Guatemala, Trinidad ak USA.
Ayiti ap demare tounwa a fas a Guatemala nan vil Kansas City, USA, nan dat 15 oktòb k’ap vini la a, answit medam Ayisyèn yo pral afronte Trinidad le 17 nan vil Chicago avan yo jwe kont USA jou kap 20 oktòb la nan vil Washington DC pou klotire faz poul yo.
Konpetisyon sa a, ki pral dewoule soti 15 pou rive 26 oktòb, ap gen patisipasyon 8 peyi k’ap divize an 2 gwoup de 4 kote 2 premye peyi nan chak gwoup yo ap avanse nan semifinal yo. Ganyan nan match semifinal yo ak match twazyèm plas la ap kalifye dirèkteman pou Koup di mond FIFA medam yo kap fèt an 2015 an peyi Kanada. Peyi ki fini an katriyèm pozisyon an pral gen pou troke kòn li ak peyi ki fini an twazyèm plas nan zòn Amerik di sid la pou denyè plas la nan mondyal medam yo.
Men kijan gwoup yo repati:
GWOUP A
USA
Guatemala
Ayiti
Trinidad & Tobago
GWOUP B
Meksik
Kosta Rika
Jamayik
Matinik
Men Pwogramasyon an:
| Dat | Match | Lè | Stad | ||
| 15 Okt. | Guatemala vs. Ayiti | 6 p.m. | Sporting Park; Kansas City, Kan. | ||
| USA vs. Trinidad | 8:30 p.m. | Sporting Park; Kansas City, Kan. | |||
| 16 Okt. | Kosta Rika vs. Meksik | 6 p.m. | Sporting Park; Kansas City, Kan. | ||
| Jamayik vs. Matinik | 8:30 p.m. | Sporting Park; Kansas City, Kan. | |||
| 17 Okt. | Ayiti vs. Trinidad | 6:30 p.m. | Toyota Park; Bridgeview, Ill. | ||
| USA vs. Guatemala | 9 p.m. | Toyota Park; Bridgeview, Ill. | |||
| 18 Okt. | Matinik vs. Meksik | 4 p.m. | Toyota Park; Bridgeview, Ill. | ||
| Kosta Rika vs. Jamayik | 6:30 p.m. | Toyota Park; Bridgeview, Ill. | |||
| 20 Okt. | Trinidad vs. Guatemala | 5 p.m. | RFK Stadium; Washington, D.C. | ||
| Ayiti vs. USA | 7:30 p.m. | RFK Stadium; Washington, D.C. | |||
| 21 Okt. | Meksik vs. Jamayik | 5 p.m. | RFK Stadium; Washington, D.C. | ||
| Matinik vs. Kosta RiKa | 7:30 p.m. | RFK Stadium; Washington, D.C. | |||
| 24 Okt. | 1er A vs. 2em B | 4:30 p.m. | PPL Park; Chester, Pa. | ||
| 1er B vs. 2em A | 7:30 p.m. | PPL Park; Chester, Pa. | |||
| 26 Okt. | Match twazyem plas | 3 p.m. | PPL Park; Chester, Pa. | ||
| Final | 5 p.m. | PPL Park; Chester, Pa. | |||
Ekri pa Benson Petit-Clair
Nan objektif pou edew konnen pi byen grenadye nou yo, Haititempo.com kreye yon nouvo ribrik ki se « Grenadye nou yo » kote n’ap prezante w yon jwè ayisyen k’ap evolye swa an Ayiti ou a letranje. Pou kòmanse ak ribrik la, n’ap prezante w Fafa Picault, yon jèn Ayisyen-Ameriken k’ap evolye nan peyi Etazini anndan ekip Fort Lauderdale Strikers la. Fafa Picault ap gen pou reprezante Ayiti pou yon premye fwa nan vi li madi 9 septanm 2014 la nan okazyon match amikal seleksyon nasyonal la ap jwe kont ekip Chilyèn nan, nan lakou Fort Lauderdale.
Non: Fabrice « Fafa » Picault
Dat Nesans: 23 Fevrier 1991 nan lakou New York, USA
Klèb: Fort Lauderdale Strikers
Pozisyon: Atakan
Klèb prefere’l: Arsenal, Milan, AS Roma ak Real Madrid C.F
Jwè prefere’l: Anelka, Ronaldinho, Thierry Henry, Kaká, Zinedine Zidane e Robinho
Idòl li: Pelé
Objektif li: Tounen an Ewop, jwe pou yon gwo ekip pandan yon bon bout tan si li rejwenn chans lan
Fafa komanse jwe foutbòl depi li te tou piti, a 16 zan li te rann li an Itali kote’l te pase nan ekip rezev Cagliari a. Pandan li pa’t jwenn chans pou l te evolye nan Serie A a ak gwo ekip Cagliari a, Fafa t’al pran chans li nan PSG an Frans an 2011. Malgre bon pèfòmans li nan pasaj li nan PSG, sa pa’t arive mache paske PSG te gentan depase limit nonb etranje yo ka pran nan klèb la. Fafa gentan represante USA nan nivo mwen de 20 an. Se pou la premye fwa ke li pral pote koulè peyi d’Ayiti. Selon Fafa, granpapa’ l Max Antoine ak Papa l se 2 ansyen jwè seleksyon national la. Fafa se meyè bitè ekip Fort Lauderdale Strikers la ak 8 realizasyon sou 15 match pandan sezon an. Fafa ap evolye nan club Strikers la depi 10 Mas 2014. Fafa jwe premye match li pou Strikers nan dat 3 me 2014 an fas FC Edmonton kote li te enskri yon gòl, e li te bay yon pas gòl, match la te fini 3-1 an favè ekip li a. Avan FAFA rejwenn ekip Strikers la, li t’ap evolye nan klèb Tampa Bay Rowdies, li te jwe 19 match pou Tampa e li te ede yo ranpote tit chanpyona NASL la.

Fafa Picault
Selon Fafa, li pi alèz le li ap evolye kòm yon atakan de sipò, oubyen yon fo nimewo nèf, men li ka jwe sou ni lèl goch, ni lèl dwat, li ka jwe tout kote nan liy atak la sof kòm yon bon avann sant. Vitès ak tenik se de gwo kalite ke li posede, answit li itilize tou 2 pye l egalman. Li renmen kreye chans pou ekip li, e li renmen pase balon an tou bay lot jwè k’ap jwe avèk li. Li konsantre l sou jwe foutbol, e li toujou patisipe nan aktivite legliz li le li pa nan aktivite foutbòl.
Videyo sou Fafa:
Dènye pase men 22 sektanm 2014
Babalito à gauche sur la photo
Attaquant de la sélection nationale haïtienne U-20, Woodensky Cherenfant nous a accordé une interview dans laquelle il nous parle de ses débuts dans le football, son vrai poste sur le terrain et sa situation actuelle.
HT : Le public haïtien connait très bien la sélection nationale U-20 mais ignore qui porte le numéro 10, qui est Woodensky en réalité? Parlez-nous un peu de vous ?
Babalito : Je suis Woodensky Marlet Cherenfant mais plus connu sous le pseudonyme de Babalito, je suis né à Fort-Liberté. J’ai commencé à pratiquer le football à l’âge de 6 ans à l’école de football Galaxie, je jouais à l’AS Fort Liberté, AS limonade puis Fica, j’ai 19 ans, deux frères et une sœur, j’ai déjà terminé avec mes études classiques.

Babalito
HT : Numéro 10 avec la sélection nationale U-20, à quel poste sur le terrain vous sentez-vous le plus à l’aise étant un dossard 10 ?
Babalito : je suis un milieu offensif, je joue également en attaque. Je m’adapte avec les deux, Je suis donc à l’aise dans les deux postes.
HT : Vous avez un contrat pour combien de temps avec le Fica?
Babalito : je suis un joueur libre pour le moment. Je n’ai aucun contrat avec aucun club.
HT : N’avez-vous pas été contacté par d’autres clubs?
Babalito : Oui, le président de Petit Goâve FC m’avait contacté afin de jouer pour son équipe, mais je ne suis pas trop intéressé parce que j’aime le Fica et une fois le problème qui existe entre le club et la FHF résolu je serai de nouveau un joueur du Fica.

Babalito, révélation du championnat national 2013
HT : 9 septembre, Haïti vs Chili, Qu’en pensez-vous?
Babalito : Je ne peux pas dire grand-chose, J’espère juste que l’on fera un bon résultat face au chili.
HT : Un dernier mot pour terminer!
Babalito : Je vous dirai de continuer dans votre travail, car c’est très intéressant. Même si il y aura des critiques mais sachez que c’est un bon travail.
(Propos recueillis par Alix Seme pour testing.haititempo.com)
Les résultats de ce Jeudi:
![]() |
Chine | 3 – 1 | Koweït | ![]() |
|||
![]() |
Ouzbékistan | 2 – 0 | Jordanie | ![]() |
|||
![]() |
Bosnie-Herzégovine | 3 – 0 | Liechtenstein | ![]() |
|||
![]() |
Pérou | 2 – 0 | Irak | ![]() |
|||
![]() |
Biélorussie | 6 – 1 | Tadjikistan | ![]() |
|||
![]() |
Slovaquie | 1 – 0 | Malte | ![]() |
|||
![]() |
Suède | 2 – 0 | Estonie | ![]() |
|||
![]() |
Croatie | 2 – 0 | Chypre | ![]() |
|||
![]() |
Italie | 2 – 0 | Pays-Bas | ![]() |
|||
![]() |
Belgique | 2 – 0 | Australie | ![]() |
|||
![]() |
France | 1 – 0 | Espagne | ![]() |
|||
Les résultats de ce mercredi :
![]() |
Myanmar | 4 -1 | Palestine | ![]() |
|
![]() |
Philippines | 5 – 1 | Taïwan | ![]() |
|
![]() |
Russie | 4 – 0 | Azerbaïdjan | ![]() |
|
![]() |
Lituanie | 1 – 1 | Emirats Arabes Unis | ![]() |
|
![]() |
Ukraine | 1 – 0 | Moldavie | ![]() |
|
![]() |
Lettonie | 2 – 0 | Arménie | ![]() |
|
![]() |
Danemark | 1 – 2 | Turquie | ![]() |
|
![]() |
République Tchèque | 0 – 1 | Etats Unis | ![]() |
|
![]() |
Irlande | 2 – 0 | Oman | ![]() |
|
![]() |
Allemagne | 2 – 4 | Argentine | ![]() |
|
![]() |
Angleterre | 1 – 0 | Norvège | ![]() |
|
![]() |
Maroc | 0 – 0 | Qatar | ![]() |
Par Esther Versière
Le comité inter club de badminton(CICB) a annoncé la 2e édition du championnat Open de badminton qui se tiendra au Gymnasium Vincent du 14 au 2 novembre prochain avec la participation de 63 athlètes venus de 3 régions du pays.
Cette compétition a pour objectif d’offrir aux joueurs de badminton du pays l’opportunité d’une pratique sportive afin de montrer leurs talents au public.
10 filles et 53 garçons prendront part à ce championnat réparti en trois catégories : Senior (50 ans et plus), avancée ou top et Open. Ces athlètes sont issus de Port-au-Prince, Verrettes et de Jacmel.
Le comité invite le public à venir assister à ce championnat pour encourager les joueurs et découvrir la magie de cette discipline sportive.
[/col_1_2]
[col_1_2]
Popular Posts
[/col_1_2]
[/row]
[divider]
Other Shortcodes
[row]
[col_1_2]
[newsletter]
Search widget:
[search]
[/col_1_2]
[col_1_2]
[autentificate]
[/col_1_2]
[/row]
[divider_dots_full]













































