Home BlogsEliminatwa 2018- KONKAKAF: Match k’ap gen pou 3yèm faz la

Eliminatwa 2018- KONKAKAF: Match k’ap gen pou 3yèm faz la

by Gary Eliézer

Ekri pa Gary Eliézer

3yèm tou eliminatwa mondyal 2018 yo pou zòn KONKAKAF la ap kòmanse jounen vandredi 4 sektanm ki ap rive la, se pral okazyon pou 12 ekip, ladan yo, 6 ki pral fè rantre yo, taye banda nan plizyè Estad nan zòn nan.

Faz sa, k’ap gen pou jwe nan sistèm ale-tounen, pral  wè Ayiti, ki pral fè rantre li apre ke li te rete ap tann  premye epi dezyèm tou a fin jwe. Match ale yo ap jwe demen ki ap 4 sektanm nan, tounen yo ap jwe madi k’ap 8.

Yon ti rafrechi memwa, 6 pi bon yo ap pase pou 4yèm faz sa. Etap sa, se 12 ekip ankò k’ap gen pou li jwe l.

Men match k’ap genyen yo :

Vandredi 4 Sektanm

Sen Vensan & Grenadin – Arouba

Grenad – Ayiti

Kiraso – Salvadò

Kanada – Beliz

Jamayik – Nikaragwa

Antigwa – Gwatemala

 

À lire aussi